Direksyon Ministè Ekonomi ak Finans nan vil Gonaiv sakaje e ensandye

1,988

09-26-2022

Gonaiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon group moun sakaje byen bonè maten 26 septanm nan, direksyon depatmantal Ministè Ekonomi ak Finans vil Gonaiv la; yo poze lapat sou yon pakèt materyèl e mete dife nan yo devan biwo ki te ensandye egalman.

Selon enfo yo, group moun sa yo te ame e yo te kreye anpil panik nan zòn nan, alòske komisarya site Endepandans lan ki trouve a 400 mèt ministè a pat manke fè santi prezans li nan moman katchouboumbe yo.

Tankou jan sa tap klewone, genyen anpil gro tansyon politik ak protestasyon ki anonse pou semèn sa atravè yon mouvman gwoudou gwoudou nan tout peyi a nan lide pou mande gouvènman gang Ariel Henry a ak tout bandi tèt kale yo, mache pòs yo.

Gonaiv leve anba gro tansyon dife volan, transpò piblik la deja bankal e vag protestasyon popilè yo kontinye ap bay lawouli.

Comments are closed.