Pòdpè / Sante : Lopital Imakile Konsepsyon anonse gen anpil sèvis ki pap ka fonksyone akoz pwoblèm kabiran

1,359

09-25-2022

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon nòt Direksyon Lopital Imakile Konsepsyon mete deyò, li enfòme popilasyon an, parapò ak pwoblèm kabiran kap souke labil peyia, apati lendi 26 septanm 2022, sèvis dijans se inik sèvis kap kapab fonksyone.

Depi yon bon bout tan, pwoblèm gaz la pèmèt yo gen difikilte pou reponn ak bezwen pasyan yo nan vil Pòdpè. Yo te deja mete yon nòt deyò pou te anonse ke mòg la pap ka fonksyone, fwa sa, se lòt sèvis yo ke kriz gaz la afekte.

Lopital Imakile Konsepsyon, se lopital referans Leta genyen nan depatman Nòdwès la. Tout fwa, Direksyon an lanse apèl; si gen moun ki ka ede yo fè fas ak pwoblèm la, yo ka pase nan Administrasyon an, Oubyen rele nan nimewo 509 4029-9090 / 509 4197-2903.

Comments are closed.