Òganizasyon OJPDH denonse dirijan CODEVI yo pou move aksyon yap poze nan lokalite Gaya

1,486

09-25-2022

Wanament, AYITI __(TRiboLAND) Pandan weekend nan, “Jounal Libète Info” reyalize ti bat bouch ak rabwàsaj lide nan plizyè baz nan Kominote Gaya, yon fason pou chèche fouye zo nan kalalou sou zafè kodevi ki ta sanble ap simaye lajan yon fason pou kanpe mouvman revandikasyon kont lavi chè yo ak mande demisyon Ariel Henry.

Antouka, enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyàl yo ta fè eta de aksyon Kodevi kap fè bwàs nan distribye tcho bay plizyè baz yon fason pou retire barikad yo nan lari a epi etènn souf mouvman protestasyon kont pouvwa defakto anplas la.

Daprè sa manm òganizasyon OJPDH (Organisation des jeunes progressistes pour le developement d’ Haïti) deklare, yo kondane zak kodevi a ak tout fòs yo. Pandan yo kontinye ap denonse ekip KODEVI a ki gen nan tèt li Capellan, ki daprè yo, pa gen anyen pou wè ak devlòpman Wanament paske se plizyè fwa li krache sou revandikasyon popilasyon an.

Manb OJPDH yo ki kontinye mande Jistis pou ti jèn 18 lane a ki deja pèdi lavi li nan al chèche mwayen pou l viv, OJPDH mande KODEVI pou sispann mete frè ak sè nou yo dozado, sispann peye malfwa yo, baz yo pap defann enterè pèp la.

Jn Simon Manex

Comments are closed.