Nòdwès : Pè Julmiste Fechner drese yon bilan aprè zak piyaj nan biwo Karitas

1,927

09-24-2022

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Direktè Karitas Nòdwès, Pè Julmiste Fechner drese yon bilan akablan de tout kantite sa yo pèdi nan biwo a, aprè zak piyaj ki te fèt lendi ki te 19 septanm ki sot pase la, vè 8è nan maten. Biwo Karitas la ki te gen lòt òganis kap travay ak yo nan tèt kole, tankou AVSI, Kwa Wouj ki gen anpil konntenè, viktim anba zak piyaj yo tou.

Yo pote ale tout sa ki te genyen nan espas la, tankou : 4 laptop HP, 3 dekstop Del, 2 bakòp rechajab, 5 jepeyès gamin, 5 enprimant, 1 telefòn fiks, 2 telefòn mobil, 14 Biwo, 14 chèz biwo , 5 douzèn chèz yo konn sèvi pou fè reyinyon, 4 tab reyinyon, 11 klasè metalik, 14 vantilatè, 4 refrijeratè biwo, 5 tablo, yon water coolant, 8 motosiklèt Honda, 5 moto Haojin. Yo devalize kafeterya, yo pran : yon fou 4 plas, yon bonbòn 25 liv, 7 dlo, 8 tab, 3 douzèn chèz ak tout lòt bagay ki moun ka sèvi nan kafeterya.

Sitèm elektrik la devalize, yo pote ale 16 batri, 1 Invètè, 2 regilatè ak tout akseswa pou te fè sitèm elektrik la mache. Yo pote ale, 1 fizi 12 pou sekirite a. Nan sa ki gen pou wè ak depo Food For de Poor a, ki te gen manje ak materyèl, pa gen anyen ki rete. Sa yo pa ka pote ale, yo kraze yo.

Daprè responsab Karitas la, zak piyaj sa koz anpil moun ap soufri. Yo menm ki te konn bay manje ak 60 lekòl pou timoun yo ka jwenn yon pla cho chaj jou, 40 pawas nan Legliz pou ede moun, anpil Legliz pwotestan, yon 20tèn òganizasyon Peyizan, 7 dispansè, 3 lopital, 4 kongregasyon, 2 ofelina ki konn jwenn asistans, san konte group Legliz yo, tout sa ki nan Sektè enfòmèl la nan tout depatman ak kit ki toujou fè pou ede moun nan Kominote a.

Nan zak piyaj sila, yo pote ale tout sa ki te deja prepare pou siklòn paske nou nan mitan sezon siklonik. Yo pote ale, manje ki te deja prepare pou lekòl la ki tap ouvri nan mwa septanm lan, men sitiyasyon peyia koz li pat louvre; kantite manje yo, se: 680 sak diri, 150 sak pwa ak anpil lòt bagay. Yo vandalize tout dosye administratif yo, ki rann sitiyasyon an konplike pou yo.

Nimewo 1 Karitas la ki rekonèt sitiyasyon difisil pèp la, fas ak tout pwoblèm yap konfwonte, kritike zak piyaj nan biwo kap ede moun. Karitas ede anpil, e travay yo vizib. Nan Latòti yo ede moun yo rezoud yon gwo pwoblèm dlo ki te konn fè yo vini Pòdpè ou Sen Lwi vin chèche dlo, sitou nan moman chesrès. San konte moun yo ede nan agrikil ak elvaj. Karitas se pa afè pè yo, men se pito afè kominote a.

Vikè Dyosèz la mande popilasyon pou kolabore ak yo, ede yo jwenn materyèl kap pèmèt yo fonksyone yon fason pou yo kontinye bay kominote a sèvis. Moun ki gen yon bagay ki vle pote retounen, yo ka pote yo nan pawas Sent Emerisyèn, nan lokal Karitas la ak nan baz BLTS la. Karitas deja remèsye yo, anyen mal pap rive moun ki pote yon bagay ki diferan si se ta lapolis ki jwenn li nan men yon moun.

Comments are closed.