Plizyè Òganizasyon Entènasyonal dechèpiye e ensandye nan vil Jeremi

949

09-21-2022

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè òganizasyon entènasyonal nan vil Jeremi dechèpiye e ensandye jounen madi 20 septanm 2022 a.

Selon yon korespondan benevòl, piyajè yo te anvayi lokal ONG Acted ak Care Haiti pote ale, senk motosiklèt, frijidè, matla, televizyon ak yon latriye lòt bataklan.

Pou kèk temwen ki tap swiv, protestatè yo mete dife sou plizyè lokal ONG aprè ke yo fin aktivite dechèpiye a.

Comments are closed.