Ki Danje ki genyen nan Fimen Chicha?

2,065

Chicha se yon pratik ki vinn popilè nan mitan jenès ayisyèn nan, se yon bagay nou konn wè moun ap fimen nan fèt ak nan pwogram, anpil jèn renmen l, lontan sete , kounya se chicha kap mennen! Chicha telman popilè, gen pwogram ki menm konn mete li gratis sou tab pou atire jenès la. Jodi a nou pral wè enpak chicha sou sante nou e tout danje ki genyen ladanl. Sonje pataje tèks la apre, wa va touche yon jèn inosan.

Kisa Chicha a ye?
Se yon modèl pip ak dlo ki pèmèt ou fimen tabak, li gen lòt non tou tankou : water-pipe, nargilé, narghilé oubyen hookah selon zòn nan li gen yon non diferan.

Kijan li fonksyone?
Yo mete tabak la nan yon sòt de douy oubyen ti plato. Tabak la pa boule de fason otonòm, li sibi yon chofay nan douy la ki separe de kolòn tib yo, e se a travè kolòn tib sa yo ke aspirasyon lafimen an fèt gras ak dlo a ki nan chemine a.

De kisa tabak la konstitye?
Tabak la gen ladan li 20 ak 30% tabak, 60% melas ki se yon likid ki gen sik ladan li, kifè tabak la yon ti jan molas, rès la se pwodwi awomatik ki bay savè varye tankou : frèz, pòm, nwa koko elatriye .

Eske Lafimen chicha toksik anpil?
Lafimen chicha a chaje pwodwi toksik ladan li ki bay kansè. Lafimen sa gen ladan li tabak la, chabon an, pwodwi revètman founo ak kolòn tiyo yo, pwodwi konbisyon papye aliminyòm nan tou, se tout yon melanj toksik. Selon OMS, yon sigarèt fimen ant 8 ak 12 boufe, tandiske yon seyans chicha sitye ant 50 pou rive 100 boufe chicha. Sa ki lojik ke fimen chicha pi rèd lontan sa ke fimen sigarèt .

Eske pasaj lafimen nan dlo a redwi nan risk yo?
Anpil fimè toujou fè vye lojik sa ke lafimen an pa frajil akoz dlo a ki nan chicha a, enben se la yo gen tò a. Dlo a kenbe yon fraksyon nan nikotinn nan, se sa ki fè fimè a toujou ap eseye rale plis pou li ka jwenn plis efè, dlo a filtre 2/3 nan patikil yo e se patikil sa yo ki prale nan poumon an pi presizeman nan alveyòl pilmonè yo kote echanj ant deyò ak anndan toujou fèt .
Daprè denye etid OFT ki se Ofis Fransè Tabajis, yon sigarèt bay 10mg goudwon minimòm, tandiske yon gram tabak chicha bay ant 30 a 80mg goudwon .

Ki tip kansè lafimen chicha bay?
Kansè poumon, kansè nan bouch ak nan vwa respiratwa yo, rive jis nan poumon.
Lòt gwo remak pou nou fè nan zafè tabak, se moun ki pa fimen yo men ki toujou nan antouraj moun ki fimen yo, sa rele Fimè pasif, enben ou ekspoze ak menm risk e menm maladi ak moun kap fimen bò kote ou a. Ou ale nan pwogram oubyen nan fèt epi zanmi ou ap fimen chicha epi ou pa fimen se kòmsi ou te fimen paske ou absòbe menm bagay ak li akoz ou nan antouraj dirèk li.

Yon sèl boufe chicha se tankou ou te fimen yon sigarèt an antye. Yon seyans plezi fimen chicha koresponn ak minimòm 10 sigarèt ke ou fimen . Gen gwo konsekans nan fimen chicha, li tap bon si ou ta evite fimen li oubyen nan antouraj dirèk moun ki fimen li. Se dwa ou pou fimen sa ou vle, men devwa nou se metew okouran de tout risk ak konsekans yo genyen sou sante ou.

Comments are closed.