Tony Joassaint deside ak mèg mwayen Kel genyen lanse l nan domèn agrikilti.

1,803

Tony Joassaint se non yon jèn gason nan depatman Gran-Dans, ki deside tout bon vre, malgre difikilte ekonomik mete agrikilti peyi Dayiti anvalè.

08-23-2022
Chanbelan, Ayiti__(TRiboLAND) Depatman Grandans l’an, ki gen yon renome nan zafè agrikilti ak elvaj zannimo, ap fè gwo fas kare, nan dènye moman sa yo akòz sechrès ak pwoblèm angrè a ki vin pi konplike.

Plante bannann, kann, yanm ak divès lòt plant, sou espwa lapli se yon pasaj oblije pou tout plantè. Sepandan, jaden yo pa sispann peri, pandan ke dlo larivyè a, pa sispann fè lago sangle anba zye peyizan yo.

Konsa, Tony Joassaint, kise yon jèn agrikiltè deside lanse’l nan plantasyon, gonbo, kawòt, piman, chou, yanm, yon mannyè pou’l kapap non sèlman itil fanmiy li, men tou pou bay plantasyon komin Chanbelan an, yon kout men.

Poze li kesyon pou konnen, kòman li awoze jaden yo? Tony Joassaint reponn, li achte yon ponp elektrik nan lide pou eksplwate volim dlo nan larivyè Grandans l’an kap kandale desann nan larivyè.

Li kontinye poul di, malgre ratman gaz la vle fè’l dekouraje, sa pa anpeche ke li kenbe paviyon an, paske sekrè delivrans Ayiti a, se nan agrikilti li ye.

Comments are closed.