Lamèri nan Jan-Rabèl nan tèt kole ak TPTC nòdwès, ap vanse ak pwojè konstriksyon 250 mèt wout nan Vensan an .

1,213

Jan sa te anonse nan mwa jiyè pase a, lamèri nan Jan-rabèl nan tèt kole ak TPTC branch nòdwès ap pwofite vanse ak pwojè konstriksyon twonson wout 250 mèt, nan zòn Vensan an,ke yo te pwomèt popilasyon an.

08-20-2022

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Aprè Majistra Jan-Rabèl la, Nathalie Petit Jean te fini ak pwojè bèl antre Komin nan, gras ak sipò kèk manm nan sosyete sivil la, pou li menm se te yon nesesite pou anbeli travay sila. Nan objektif sa a, li te pran baton pèleren l, pou l te mande TPTC branch nòdwès, ki sa yo deside fè ak bèl antre a? Ki sa yap di ak moun kap viv nan Komin Jan-Rabèl?

Konsa, Majistra Nathalie Petit Jean nan tèt kole ak travo piblik branch nòdwès, ki genyen nan tèt li, Joseph Angelot Horacius deside lanse san pèdi tan, epi kontinye vanse ak pwojè 250 mèt wout, ki demare nan zòn Vensan; ki pwal gen pou anbeli zòn mèri Jan Rabèl la.


Enjenyè yo ki demare travay yo depi kèk jou, deja fini ak konstriksyon kanivo yo ak ranbleyaj yo; pou koulya se nan faz preparasyon beton yap rantre.

Nan kad bay popilasyon  an sèvis, Majistra Nathalie Petit Jean entrodwi yon slogan ki se: “nou sou lè nou travay, nou vle travay e nap travay”!

Comments are closed.