Absans elektrisite nan komin Senlwidinò ta sanble pa pou demen

1,595

08-05-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon nòlwizyèn nan ap mande EDH, eske sèvis yo egziste pou komin nan? Alòske depi sou depite Athur Calixte, poto elektrik yo te konn toujou limen.

Sa genyen dig dantan komin Senlwidinò ap pran lanm nan zafè peneri elektrisite. Li viv arive yon konpayi ki rele Konvenè ki te vinn fè yon “lakòmsi” and marinad. Li pat genyen ase kapasite pout e limen tout komin nan.

Sou gouvènman Preval la, poto te kòmanse enstale sou Gran Ri a, fil te kòmanse ap pase. Avèk monte prezidan asasinen an, Jovenel Moise, pwojè a tap fè monte desann. Yon lè se enèji ewolyèn, yon lè se zòn Bono santral elektrik la ta pral enstale pou alimante tout depatman an. Pawòl ap monte, pawòl ap desann pandan plizyè lane, jis koulye a komin Senlwidinò pa konn sa yo rele elektrisite.

Pa genyen dout! Responsab EDH ak tout MTPTC ki se 2 enstitisyon fantòm nan depatman Nòdwès la, ta sanble pa gen oken pwojè pou komin yo. 2 antite sa yo pa genyen ase reflèks pou reyalize ki enpak konsiderab enkonpetans yo genyen sou ensekirite a.

Depi plizyè lane, fèt Senlwidinò toujou pase anba dekou. Popilasyon nòlwizyèn nan kontinye ap solisite egzistans EDH ak MTPTC nan komin nan nonsèlman pou fèt patronal Lasenlwi a, men tou pou ranfòsman sekirite.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.