Ayiti / Ensekirite: Lapolis devye yon tantativ kidnapping

1,716

08-03-022

Pòtoprens, Ayiti _____ (TRiboLAND) Lapolis devye jounen madi 2 jiyè 2022 a yon tantativ kidnapping nan Pòs machan. 2 veyikil arive konfiske: yon Mitsubishi DID, imatrikile AA-40596 ak yon kanntè ki pou Mèri Pòtoprens; genyen 2 zam otomatik modèl AR-15 ki egalman konfiske.

Endividi annafè yo te arive chape poul yo nan machinn yo sou presyon lapolis. Prezime kriminèl yo te kagoule. Men swit ak mannèv ki fèt avèk sant ransèyman operasyon yo, polisye ki nan Lwès 1 yo mobilize pou mete lapat sou bandi san fwa ni lwa sa yo, kap simen latwoublay nan mitan popilasyon an.

Nan dènye moman sa yo, anpil zak malonèt fèt ak veyikil ki pou Leta ak yon seri gwo enstitisyon prive pou kidnape moun.

Comments are closed.