Pòdpè / Agrikilti : Moun OBÈ toujou gen machwè gonfle pou sant Jèmoplas la kap depafini sou pye

1,435

 07-10-2022

Obè, Podpè_____(TRiboLAND) Inogire 25 septanm 2020 anba inisyativ Prezidan Jovenel Moïse, Sant Jèmoplas OBÈ a, pa sispan kreye machwè gonfle ak dezespwà lakay rezidan yo k ap konstate efondreman yon parèy strikti devlopman agrikòl. Peyizan yo kritike swadizan responsab kap mal jere sant Jèmoplas la ki daprè yo ap deteryore e ki pa itil yo anyen.

Pi gro kou ki pou touye koukou a, te genyen nan espas la yon seri plant trè rechèche ki te sanse prè; malerezman responsab yon pa janm distribye yo; yon lòt ki te an preparasyon ap depafini sou pye.

Selon detay TRiboLAND arive jwen bò yon sous ki pròch responsab yo, sou administrasyon ansyen Prezidan an, Leta pat janm fin peye fim ki tap konstwi sant lan, ki konnya kenbe sant lan an otaj pou rekipere lajan yo. Sa vle di, majorite sa kap fèt nan sant lan, pa angaje Leta Ayisyen.

Yon sitiyasyon ki endinye peyizan nan OBÈ, pandan yo pwofite mande Leta koupyon an atravè Ministè Agrikilti pou yo gen ti kal konsyans ak responsablite.

Comments are closed.