Konsila ayisyen asanm ak otorite dominikèn remèt nan Dajabon twa bèf bay elvè ayisyen ke dominiken yo te sezi

1,215

07-09-2022

Margalito De León Castillo ki se chèf konsila dominiken an nan Wanament, akonpanye plizyè otorite Ayisyen tankou Komisè Enaud Zéphirin, Vis-delege awondisman Wanament la, Arold Joseph ak plizyè reprezantan Konsila Ayisyen an nan Dajabon tankou Génard Hans remèt 2 sitwayen ayisyen 3 bèf dominiken te sezi nan zòn Ferye paske yo te gen bèf ki rantre nan patiraj Ayisyen yo ke yo pat rive jwenn.

Otorite yo pale de yon kolaborasyon enpòtan pou 2 pèp kap viv sou zile a.

li te anviwon 3 zè nan apremidi lè Konsila Ayisyen an nan Dajabon ki gen nan tèt li Guerrier François te remèt otorite dominikèn yo 4 bèf yo te rive jwenn nan kad rechèch yo te fè Ayiti. Alòske se aswè jis vè 7h 30 Konsila Dominiken an remèt otorite ayisyèn yo 3 bèf pa yo. Nou kapab menm pale de echanj nan ka sa a. Yon echanj ki pote lajwa nan kè ak lespwa pou elvè ki te viktim yo.

Madam Cléomène Jozapha, yonn nan elvè ayisyen ki rekipere bèf li ki te pèdi, pat kache kontantman li. ” Se kounya map viv paske kou a te di pou mwen anpil. Se anpil sakrifis mwen te fè pou m te achte bèf sa yo pou yon pakèt kòb. Mwen pwofite di leta 2 peyi yo mèsi pou bèl jès sa a”.

Sou bò pa li, mèt Enaud Zéphirin ki te pale nan non leta Ayisyen pwomèt kolaborasyon sa a ap kontinye nan benefis popilasyon an. Tandiske Mesye Margalito ki responsab Konsila Dominiken an nan Wanament, fè konnen li vin travay sou Fwontyè a avèk misyon poul ede nan konstwi lapè ak fwatènite ant 2 pèp yo. Koezistans 2 pèp yo sou zile a bezwen sa. Li kontinye pou l eksplike rezon ki fè nou dwe kolabore. “Pèp Ayisyen ak Pèp Dominiken an se 2 pèp ki gen kilti diferan, men ki genyen menm enterè.”

Mesye Margalito kwè genyen delenkan tou 2 bò Fwontyè a. Li Di “ni vòlè bò Repiblik Dayiti, ni vòlè bò Repiblik Dominikèn; tout se vòlè! Otorite ayisyèn ak dominikèn pa kapab kosyone zak sa yo.” Finalman, li te byen kontan pou reyisit yon gwo jounen travay ant otorite tou 2 peyi yo. Felisitasyon!

Jn Simon Manex, TRiboLAND


Comments are closed.