La Plateforme des associations de développement de Borgne denonse zak asasinay ki fèt sou 2 manm li

2,126

06-28-2022

Bòyn, Ayiti_____(TRiboLAND)  Nan yon nòt tris e laperèz ke li mete Plateforme des associations de développement de Borgne deyò Plateforme des associations de développement de Borgne (LADBO) denonse zak asasinay krapule ki fèt sou 2 manm li ki se: Sadrack Dulcio, direktè lekòl nasyonal Ti Bouk Obòyn ak “Edouard Duarsaint, yon edikatè lekòl kominotè Maisonoeuvre nan Boukan Michel.

Selon sa ki arive jwenn TRiboLAND, 2 viktim yo jwen lanmò yo nan moman yon atak ame te tante vize Max Pierre alyàs “Roudy”, yon gro chèf gang to Plateforme des associations de développement de Borgne upwisan nan zòn Ti Rivyè. PLADBO lonje dwàt jouda sou madanm Morales Tilus, yon manm nan Konsèy administrative premye seksyon kominal Mago. Se konsa, yon latriye moun blese ak yon kenzèn kay bwile ra pyetè.

Antouka, zak vyolans yo fòse deplasman masiv yon latriye moun nan popilasyon an ki pran direksyon : Kap Ayisyen, Pòdpè, Sen Domeng, Pòtoprens, Ansafolè, Gonaiv ak Gromòn pou chape vi yo.

Pou kèk moun se yon konfli ki deklentche ant manm group gang lan ak chèf Roudy, yon evade prizon 2004, yon eleman ki te ajan sekirite vis delege Obòyn la ki rele Marc Lamour. Nap raple, selon kèk sous lokal, Roudy arive mete yon parèy mouvman gang sou pye, se gras ak benediksyon reselè tankou ansyen vis-delege a ak doktè Tony Voltaire.

Se konsa, PLADBO ap mande konkou Leta ou lajistis kote ke deja genyen plis pase yon trantèn pèzib sitwàyen ke gang Roudy a deja egzekite nan lokalite a. Dènye krim marasa ki fèt sou 2 pèzib sitwàyen, ogmante plis konstènasyon ak revolt; lapolis dwe aji e prosede ak arestasyon kriminèl dirèk ou endirèk yo.

Comments are closed.