Basen Ble /Kidnapping : Nèg ak zam kidnape plizyè moun nan Presbitè Legliz Katolik Nerak la, pami yo Pè Claircius Dorvilus

2,598

5 jwen 2022

Basen Ble, Ayiti____(TRiboLAND) Li te anviwon 1è nan maten jodi 5 jwen 2022 a, komin Basen Ble nan depatman Nòdwès la leve anba gwo chòk ak kè sere. Nouvèl la lage yon dlo frèt sou popilasyon eklezyastik la, lè yo aprann zak kidnapping ki fèt sou plizyè fidèl nan Legliz Katolik Premyè Seksyon Nerak, Pawas Sen Michel, nan komin Basen Ble.

Yo kidnape Reveran Pè Claircius Dorvilus, yon frè li, yon sè li ak yon pèsonaj ki rele Joachim. Yo poto ale anpil bagay enpòtan ki te lakay Pè a.

Yon nouvèl sa kreye anpil latroublay nan komin Basen Ble. Nèg ak zam an depatman Nòdwès ak Latibonit pa chome malgre volonte limite fòs lòd yo ki detèmine pou flite bandi sangwen.

Nap raple, zònn Basen Ble a se kote menm band isa yo te antre asasine yon enspektè polis, Johnny Bruzett. Sepandan, ta sanble depi rimè ki ta vle fè kwè ke chèf bandi koupab, Jean Renald Dorsaint te puje e relache anba lobedyans nouvo komisè gouvènman a.i Pòdpè a, Mèt Michelet Virgile, gang yo kontinye ap fwape pi fò. Direksyon depatmantal polis Nòdwès jwen youn nan prezime asasen enspektè Johnny Brizett la nan Basen Ble – Triboland

Comments are closed.