Otorite Sante yo ap fè bwàs pou chèche konnen si reyèlman yon ka varyòl makak deja nan vil Sen Mak

2,885

06-01-2022

Sen Mak, Ayiti (TRiboLAND) Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ta detekte yon ka sispèk “varyòl makak” nan vil Sen Mak nan joune 27 me 2022 pase a, daprè alatèt Depatman epidemoloji, laboratwà ak rechèch ministè Sante Piblik la.

Enfòmasyon yo fè eta de plizyè echatiyon ke responsab sante yo deja voye nan yon laboratwà nan peyi Etazini, daprè sa Doktè Maseille ki tap menm sinyale ke genyen egalman yon alèt  sou yon ka ki ta plis sanble plito ak gal nan vil Okap Ayisyen.

Konsa, tout moun ap tann ki sa rezilta yo ap revele; annatandan, anpil bwàs medikal pa sispan deploye bò kote etorite epidemolojis ayisyen yo pou konnen egzakte si Ayiti reyèlman ap fè fas kare ak yon lòt pichon ankò sou tèritwà nasyonal la.

Comments are closed.