Pòdpè – Enfrastrikti: Yon goup machann nan mache Bodmè denonse konpòtman sangwen Mèri Pòdpè a.

2,926

05-31-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Mache Bodmè, nan vil Pòdpè nan yon sitiyasyon kè plen depi yon bon bout tan; pa gen twati, fatra fè 2 pou 15. Otorite yo pa janm di anyen, se chak machann nan mache a ki mete yon moso twal pou bare solèy. Kote ke moun ap achte bagay pou manje nan yon kondisyon malpwòp ki trè revòltant.

Depi anviwon 2 lane, majistra Josué Alusma ak ekip li te depoze premye wòch pou konstriksyon mache a, swa 8 desanm 2019, aprè twati a te tonbe e yon poto te touye yon fanm ansent. Anyen pa janm fèt, o kontrè bay yo vin pi dejenere anba je otorite voryen ki poko menm degrosi nan nivo gouvènabilite.

Machann yo denonse, malgre yap viv nan fatra, gen ajan mèri kap vin mande yo lajan. Selon sa yo di, nan yon sitiyasyon konsa, yo pa ka ap bay lajan san yo pa janm fè anyen pou yo. Machann yo denonse yon parèy zak kase ponyèt ki pa genyen trò gro diferans ant zak kidnapping ak eskanmòtè nan touche lajan pèp la san travay.

Comments are closed.