Nòdès-sante : YON DEPATMAN PEDYATRI MODÈN LOUVRI NAN OCMC.

3,154

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objèktif pou popilasyon an jwenn pi bon kalite swen ak sèvis sitou timoun yo, Ouanaminthe Community Medical Center (OCMC), louvri yon depatman pedyatri modèn ki byen ekipe avèk bonjan materyèl epi pèsonèl kalifye, daprè direktè administratif OCMC a, Dr Lesly MANIGAT ki tap depoze nan yon konferans pou laprès li bay nan jounen Samdi 28 me 2022 an.

Dr Lesly MANIGAT fè konnen rezon ki fè OCMC vini avèk nouvo depatman pedyatri a, se pou l ka amelyore fason timoun yo ap pran swen nan rejyon an; sitou pat gen yon vrè lopital pou timoun yo. Nouvo sèvis sa a antre nan kad pou montre tout lòt peyi etranje yo genyen ayisyen kap panse pou peyi a.

Direktè administratif OCMC a avanse pou l di: genyen yon semèn konsiltasyon gratis pou timoun yo, pandan l ankouraje paran yo toujou pase kontrole eta sante timoun yo; se pa lè yo kouche pou n ap fè tèt cho.

OCMC ki trouve l sou gran Ri Espanyol Wanament lan, zòn ladwan louvri pòt li 24/24 7 sou 7 pou resevwa nenpòt pasyan.

Kredi : OIP

Comments are closed.