Panik nan Senlwidinò: Chofè taksi motosiklèt yo nan kouri!

2,841

lendi 23 me 2022

Senlwidinò____(TRiboLAND) Byen bonè nan maten lendi 23 me 2022 a, san pèsònn moun pat panse, ajan Polis Nasyonal yo ajite komin Senlwidinò lè yo deside pou egzije chofè taksi motosiklèt yo aplike kominike otorite minisipal la ki date 29 avril pase a . Yon kominike ki te vize mete yon pwen final nan tout deriv lapè piblik, gro mizik DJ devègonde taksi motosiklèt ki achte salon pèp la chèmèt chèmètrès. Konsa, nan plizyè tchèk pwent fòs lòd yo jodia, chofè yo leve kouri, plizyè aparèy ou speaker kraze e yon endividi ki pote non Gabriel jwen arestasyon li.

Chofè taksi motosiklèt, se mwàyen sa anpil sitwàyen demele yo pou suviv nan Senlwidinò chak jou ki jou. Sepandan, espwi konpetitif ou pafwà anbisyon, okazyone yon parèy sèktè pa jwen benediksyon bò kote popilasyon an. Konsa, yo kalifye konpòtman chofè taksi moto yo kòm tapajè kap kreye latwoublay kòmanse nan fè lòbèy mizik ti sourit nan tèt moun, rive nan mete lavi moun andanje nan fè egzibisyon ak pasajè pandan yap kondwi. Se vre, se yon sèktè ki bay anpil sèvis, sepandan, sa pa anpeche li jwen anpil kritik nan fason li konsidere lavi moun ak lari pèp la.

Popilasyon an bat bravo pou inisyativ lapolis la ki vize retire aparèy sou tout moto yo ki pa kite popilasyon an yon souf. Yo kontinye mande fòs lòt yo rabat tout sa yo kap derespekte e fè dezòd ak mouvman taksi moto a nan Senlwidinò.

Kontrèman a sa yon seri kritik ki tonbe sou aktivite taksi moto yo, anpil chofè dynamize yo atravè yon strikti sendikalis (FSTTDO) , kote ke yè dimanch 22 me 2022 a, yo inogire yon Biwo fèt e founi nan komin Senlwidinò.


Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.