UEH / EDEPP: Promosyon Serge Regnier (2019-2023), reyalize premye “Edisyon Jounen Kreyòl”

2,389

05-01-2022

Ze Triye Fanm, Pòdpè____(TRiboLAND) Etidyan Lekòl Dwa, Ekonomi, Jesyon ak kontabilite yo nan vil Pòdpè òganize samdi 30 avril 2022 a, “Premye Edisyon Jounen Kreyòl” nan lokal yo Fatima, Ze Triye Fanm nan vil Pòdpè.

Premye Me ki toujou make fèt “Travayè ak Agwikilti”, pa janm tronpe vijilans ak motivasyon etidyan yo nan sa ki genyen pou wè ak mete aksan sou yon parèy evenman chak ane. Konsa, nan sans sa, edidyan yo selebwe ou makònen an gran panpan “Edisyon Jounen Kreyòl” la ak anbyans “Premye Me” yo nan objektif pou mete an valè kilti ou gastwonomi kreyòl ki genyen a100% yon seri eleman supè òganik ou nutritive.

Nan yon anbyans “goute niche dwàt”, patisipan yo te fè kolònn pou sòti an foul yon fason pou te bay yon parèy mouvman jarèt nan lide pou fè promosyon pou prodwi lokal yo ki depase prezantasyon e enkonparàb ak sa zòt ap voye ban nou ki pafwà chaje ak ogm. Pou kèk patisipan, se reyèlman yon gro evenman ki mete touch revèy nan vil la; bagay say o ta dwe fèt trè souvan, sitou nan kad sansibilizasyon ak edikasyon popilasyon an ki refize konsome lokal. Pou lòt patisipan, ki te pran yon malen plezi pou goute yon seri bouche ki natif natal kwizin kreyòl la, sujere yon parèy approach ta dwe repete nan diferan lòt enstitisyon yon manyè pou oryante edikasyon sou baz aprantisaj aktif, daprè sa yon patisipan konfye TRiboLAND.

Anbyans manje kreyòl djòl lolo te fè kenken, muzik ak dans twoubadou san konte “kontre dans” ki se dans esklav yo ke moun pa wè lontan tap vale teren, pla gastronomi, fwi ak ju natirèl ki te etale sou yon seri tab dekore tap degaje yon sant apetisan ki fè moun vale saliv; anpil kontantman pami sa yo ki tap rejwi pat manke danse anba kadans tanbou kata, ki se youn nan pwen remakab festivite a.

Li evidan abyans sa yo pa nouvo nan aktivite rekreyatif Inivèsite Valparezo (UV) ak Lise Tètilyen Gilbo pou-n site sa yo sèlman nan vil Pòdpè; sepandan, “Premye Edisyon Jounen Kreyòl” nan Fatima samdi 30 avril 2022 klase kòm youn pami sa yo ki enpekab ou enpresyonan.

Bwavo ak Nouvo staf la, komite òganizatè a ak etidyan yo kap mete an valè EDEPP atravè prodwi lokal.

Comments are closed.