Tout vwayajè kap antre nan peyi Dayiti dwe genyen sètifika vaksen pou kovid-19 apati 18 avril 2022 a

2,412

04/14/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon latriye dispozitif ke Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) anonse ke li pran jodi jedi 14 avril 2022 a, sètifika vaksinasyon pou kovid-19 se youn pami yo.

Apati 18 avril kap vini la, tout pasajè ki depase laj 12 lane kap vwayaje ou antre nan anndan peyi Dayiti dwe genyen kanè vaksinasyon ki pou prouve ke yo te konplètman pran vaksen pou kovid- 19 la.

Alò, nòt MSPP a enfòme popilasyon an yon seri lòt dispozitif ke yo egalman ki makònnen ak sitiyasyon viris la tankou : mete mas, se yon Pratik ki opsyonèl nan lari, sepandan ki aplikab nan yon kad fème kote genyen moun sou moun; pou genyen aksè nan biwo ou enstitisyon piblik ak prive yo, men yo dwe lave avan; alòske protokòl kanpe lwen yo kaba.

Comments are closed.