Nòdwès : Site Kapwa Lamò a tonbe nan yon total Blackout.

2,657

04/04/2022

Pòdpè, chèf lye depatman Nòdwès la, ke moun konnen sou non site Kapwa Lamò, tonbe anba yon etènèl blackout (dekou) depi aprè asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse la, tonbe.

Konsa, yon sityasyon ki kreye gwo panik lakay anpil sitwayèn, sitwayen ak antreprenè, kote yo menm deklare, li pa nòmal nan moman fenomèn ensekirite a ap taye banda pou site Kapwa Lamò a ap trennen nan yon parèy fènwà etènèl.

Nan sans sa a, kòdonatè depatmantal Viv Ayiti a, Me. Darius Toussaint, lonje dwèt jouda l sou direktè EDH la, kote l fè konnen, direktè depatmantal la pa janm bay pèp la esplikasyon sou Santral Elektrik Lasalin lan; e li pa men esplike egalman rezon ki pèmèt se aprè asasinay ansyen prezidan an vil la tonbe nan yon sityasyon parèy.

Yon lòt bò, sitwayen kap viv nan zòn latandri ak sou liy boulva Jovenel Moïse la, fè konnen lè prezidan Jovenel Moïse te la, pou pipiti yo te konn jwenn 18 èdtan kouran. Kidonk, sitwàyen say o anonse yon sit-in nan jou kap vini la yo, yo pral plante pikèt yo devan biwo depatmantal EDH pou mande dekilakyèl.

Li enpòtan pou konnen, malgre ensekirite a te toujou egziste men nan dènye mwa sa yo, avèk prezans fenomèn blackout la, ka ensekirite yo ogmante konsiderableman.

Comments are closed.