Nòdwès : Vil Pòdpè pase yon 24 desanm nan fènwa, lapli ak labou dezagreyàb

3,117

Par John Jean Jacques

12/25/2021

Pòdpè____(TRiboLAND) Vil Pòdpè konnen yon 24 desanm anba fènwà, lapli ak labou. Plizyè deseni avan, lè w di fèt fen lane; vil Pòdpè pat gen anyen pou anvye de kèk lòt vil nan Karaib la. Pwèske tout ri yo te pwòp, bèl dekorasyon, aktivite ou konkou fanal, aktivite pitetwàl, anbyans mès katrè pou onore senbolikman aparisyon nouvo Mesi a, sanbliye chante ak klòch pou anonse pasaj Papa Nowèl kap delivwe kado tout kalite. Sòti nan lari san kè doubout ak laperèz, sete kè pòpòz.  paran pat janm gen kè sere pou sòti ak timoun pou al kale je nan bèl dekorasyon dyòl Loulou sou diferan plas piblik.

Tankou yon pakèt lòt kote pandan plizyè ane, Nòdwès viv yon 24 desanm krab malzorèy. Akote ensekirite a ki pran fil ak tout bobbin e ki pèmèt mwens moun mete kò yo deyò; lapli, fatra ak labou te kanpe ogadavu pou konstitye dekò yon vil swadizan ki genyen yon bagay ki rele otorite kap jere l.

Sa yo ki te genyen nostalji te oblije pran lari ak “flash”, alòske yo ta pwàl dekouvwi nan byen ta yon ti lòsyè kouran nan kèk zòn sispèk ak stratejik. Sepandan, malgre Santral Elektrik pwezidan Jovenel Moise la fini konstwi depi yon bon bout tan, otorite iresponsab ak malfektè kite 90% zòn nan vil Pòdpè anba fènwà pou atire asasen, kidnapè ak dechèpiyè ki pa bouke fè ladènye sou pitit popilasyon an.

Comments are closed.