Leta sankoutcha ak otorite san pudè sispann alimantasyon kouran elektrik nan zòn Pèleren apwè lanmò Jovenel Moise la

1,053

08/07/2021

Pèleren, Petyonvil______(TRiboLAND) Kontrèman a jan li te ye avan lanmò Jovenel Moise, rezidan nan zòn Pèleren, Petyonvil ap viv yon peryòd “blackout” san pran souf, yon mwà apwè asasinay pwezidan defakto Jovenel Moise la.

Otorite mal entansyone e iresponsab ki pa manifeste oken respè pou sitwàyen ayisyen, estime ke li “OK” pou yo tou senpleman supwime seyans alimantasyon an enèji elektrik yo nan Pèleren kèk semèn apwè asasinay chèf deta a ki te fè pati yon parèy kominote.

Anpil abitan ap plenyen sou konpòtman vwayou otorite EDH yo ke yo estime ki “san vègòy” e “sou zòm iresponsab” ki pa menm anmezi pou ofwi yon ti minimòn nan kapasite imènn yo an tèm delivwe sèvis: elektrik, dlo, sante, kaburan, edikasyon, sekirite, asenisman, administrasyon piblik ak alimantasyon. Se etonan, nan yon espas 2 ou 3 semèn apwè ke rezidans pwezidan Jovenel Moise fèmen nan Pèleren 5, nan Petyonvil!

Jous kilè pèp ayisyen an ap ame kouraj li pou li debarase peyi a de tout yon seri voryen, initil, idyo, kriminèl, kòriptè, zewo ou ensinifyan ki pa sispan fè jwèt manje tè ak peyi a ou akapare bwàt leta yo kòm richès pèsonèl yo?

Comments are closed.