Pèp souvren pran lari pou mande respè Manman Lwà peyi a e pwoteste kont diktatè Jovenel Moise

412

03/28/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan kàd 3 jounen yon seri manifestasyon pèp ayisyen ap òganize pou pwoteste kont diktatè Jovenel Moise ki kontinye ap trennen “Manman Lwà” ak pwestij peyi a nan fatra atravè kidnapping, kòripsyon, òganizasyon referandòm bidon ak eleksyon pike kole, premye jounen pwotestasyon yo te yon reyisit ak yon patisipasyon total kapital jodi dimanch 28 màs 2021 an.

Se prèske tout kouch nan popilasyon an ki te pran lari pou di “NON”, ak lòbèy diktatè Jovenel Moise deside fè ak Konstitisyon peyi a. Avèk supò yon latriye atis, lidè relijyez, lidè ak militan politik tout plimay; yo tout te fè yon fwon komen pou repon ak yon parèy awongans pouvwa defakto a ki deja ap miltipliye krim ak lachas kont tout moun kap denonse mezi kriyèl ou atitid pouvwa PHTK ke yo akize ki pa anbarase nan naje nan aktivite gang, kòripsyon ak kidnapping.

Yo te plizyè milye manifestan ki te kòmanse ap bay payèt depi nan ayewopò pou rive jous Delma 60. Pankàt ak slogan ki te kapab fè bouch pouvwa defakto a ak kominote entènasyonal la lonje, te fè kenken. Yo te pase nan zòn Muso e kandale desann jous Boudon pou al tonbe sou Chandmàs nan kàd delivre yon mesaj kont referandòm Jovenel la ki se yon vyolasyon flagrant Konstitisyon peyi Dayiti.

Yon pwemye jounen manifestasyon ki pase san oken ensidan majè e ki mete anfaz konpòtman polisye yo ki te supè remakab!

Comments are closed.