Martine Moise vle redinamize sektè kafe a atravè tout peyi a

387

01/28/21

Sen Lwi Dinò_____(TRiboLAND) Nan kàd pou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt e pou mete kòb nan pòch peyizan yo, Premye Dàm repiblik la, Martine Moise angaje li nan yon kanpay plantasyon kafe ki rele “Plante Avni”.

Konsa, program sa ki lanse mèkredi 27 janvye 2021 an nan Sen Lwi Dinò, pral layite kò’l sou dis depatman peyi Dayiti a. Li pral ankouraje rebwazman, bay pwodiksyon lokal la jarèt, ak pwoteje espas anviwonmantal la kap depafini sou pye.

Program nan ap gen pou mete an evidans plantil fwitye ak forestye nan yon premye tan. Yon seri bèl kalite pye fwi tankou plantasyon kafe pràl jwen opotinite pou reboujonnen ak rejenere avèk èd yon seri semans kap vale teren.

Aprè seyans fòmasyon pou plantè yo sou kilti kafe a, yon kanpay sansibilizasyon ap gen pou lanse; sa se nan kàd pou redinamize sektè kafe a. Pwojè anvizaje distribye egalman materyo apropriye nan kad ankadre plantè yo.

Comments are closed.