Gouvènman Jovenel Moise la dote vil Pòdpe 2 jeneratris pou yon nouvo santral elektrik

301

11\08\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Tankou nan kèk lòt vil, site Kapwa Lamò a pa ka tann pou li wè mizè rere’l fini ak blackout manch long la. Se vre genyen bon jan amelyorasyon nan distribisyon kouran nan vil Pòdpè nan moman sa, sepandan plizyè katye pa arive touche; 2 jenatris ki date depi lè djab te kaporal voye sinyal depi yon deseni ke yo pa kapab ankò.

Se nan sans sa, nan kad program kouran 24/24 gouvènman Jovenel Moise la ke anpil lèl goch pase nan jwèt, ta sanble gouvènman an ap miltipliye efò pou arive a yon parèy objecktif. Konsa, 2 manman penba jeneratris ki te destine pou yon nouvo santral elektrik pou vil Pòdpè deja antre anndan peyi a.

Antouka, TRiboLAND aprann ke responsab EDH yo avèti kliyan yo nan Pòdpè ke delivrans yo pa tro lwen. Dilijans ou dispozitif yo deja akselere yon fason pou ekspedye san bat je 2 jeneratris prezidan Jovenel Moise te promèt yo, ki pral fasilite plen fonksyonman nouvo santral elektrik la.

Comments are closed.