EDH: Projè “Operasyon Relimen” Jovenel Moise la komanse ap bay je dou

330

09\20\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) “Anpil gro travay ap vale teren sou rezo elektrik la”, daprè Alatèt EDH la, Michel Présumé atravè yon tweet li lage mete deyò jodi dimanch 20 septanm 2020 an.

Pou Présumé, poban travay sa yo pral bay jarèt ak sistèm aprovizyonnman distribisyon enèji elektrik la nan diferan vil nan zòn metropolitèn yo ak nan mitan très cheve peyi a, kidonk depatman sant.

Konsa, Alatèt konpayi EDH la fè eta de 17 sikwi ki te deja jwen krese sere avèk 62 Mega Watt prodiksyon. Apa de sa, 8 lòt te konsinye e 21 lòt rasyone. Ajoute ak sa, genyen yon krèy sikwi ki te an mal makak e ke yo resisite yo aprè yon seri entèvansyon anba lobedyans projè reyabilitasyon an ki rele “Operasyon Relimen”.

Comments are closed.