Vestij Christophe Colomb nan Bè Dè Monstik

358

08/31/2020

Bè Dè Monstik____(TRiboLAND) Se te nan lane 1492 Christophe Colomb ak alye’l yo tap chèche lò ak epis, konsa li te vinn chwe sou ti bout tè sa a ke yo te rele “Bè de Konsepsyon”.

Rive nan Bè de Konsepsyon, anvayisè te trouve li enpòtan pou’l te plante yon kwa ak bati yon kay. Nan chèche tankou chyen fou, rapòtè TRiboLAND yo nan Nan Nòdwès arive dekouvwi vestij ou tras eksploratè espanyòl ke yo bliye nan poubèl istwà nan Fawès la. Kay la ki an defayans, konstwi sou yon tèt mòn byen wo kap domine yon sèn paradizyak ak yon lamè tikwaz nan yon syèl kobalt.

Jounen jodi a, “Bè de Konsepsyon” chanje an “Bè Dè Monstik”, ke yo rele “Labe” ki se wuityèm seksyon komin Pòdpè, yon joli bijou ki kapab ofri yon potansyalite touristik ki fò.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.