EDH voye tout anplwayè ale lakay akoz menas

275

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè ke Polis Nasyonal la deplwaye byen bonè maten an yon fòs espesyàlize nan syèj Elektisite Dayiti, Ministè pou Travay Piblik, Transpò ak Kominkasyon (MTPTC) fè sòti yon nòt ki anonse sispansyon anplwayè Ed’H pou yon ti bout tan.

Nader Joiseus ki se Alatèt MTPTC, pran yon parèy desizyon yon fason pouk a pèmèt fòs lòd yo gen kontròl syèj EDH la ke anplwayè sendika yo pran an notaj depi kèk jou, daprè piblikasyon minis la.

Nòt minis Nader Joiseus la ale pi lwen pou jistifye dispozitif kontròl polisye yo ki vize proteje espas la akoz yon pakèt rumè ki ta vle fè kwè batiman EDH la kapab prochen enstitisyon ke yo ka bwile ra pye tè.

Nader ankouraje tout anplwayè ale lakay yo pou yon ti bout tan!

Comments are closed.