Yon moun mouri sou plas ak 10 lòt blese nan yon aksidan machenn nan Mònn Kabwit

0 647

Mònn Kabwit, Mibalè___(TRiboLAND) Divès fanmiy nan Laskawobas ap kriye ak de men nan tèt akoz divès manm nan fanmiy yo ki kraze krabinen nan yon gwo tonton aksidan ki envòlv yon ti otobis ki tap kite vil la nan apwè midi Mèkredi 8 Avwil la.

Dapwè Haiti Infotoutan, ti otobis RAV 4 koulè vè te chaje avèk moun lòske li te kite vil la. Konsa, sou wout mònn kabwit, li te arive fwape ak yon gwo tonton kamyon 10 wou. Selon dènye enfòmasyon yo, ta sanble yon moun sou plas ta moun fwèt e dis lòt moun blese gravman grav.

Latriye blese yo te oblije transpòte nan lopital Mibalè. Konsa, anpil tansyon ak va e vyen te kreye yon veritab katchou boumbe nan sal dijans lopital la kote anpil moun pat ka genbe dlo nan zye ak rel amwey!

Leave A Reply