3 avyon debake yon latriye ayisyen, alòske van panik blayi Èpòt Entènasyonal Okap Ayisyen

0 718

Yon gwo van panik soufle jodi Dimanch 5 Avwil 2020 an nan Èpòt Entènasyonal Okap Ayisyen kote ke selon temwen 3 avyon ateri e debake yon latriye Ayisyen ki soti Turcks and Caicos: kèk nan yo pote mas, divès lòt te san mas ak demen depye yo.

Selon sa yon anplwayè epòt la rapòte bay TRiboLAND, yon laj gwoup ayisyen arive nan 2 avyon vè 12:30 konsa; alòske yon 3 èm avyon ateri ak yon lòt gwoup vè 4:30 pm. Ki bay yon total 180 ayisyen. Konsa, anpil van panik ak laperèz te kòmanse ap pran jarèt pasi pala nan Okap alòske yon pèsonèl sèvis Sante Piblik ak Popilasyon nan konkòday ak kèk lòt enstans tankou anbilans ak sosyete sivil tap fè bwas ak ladrès pou akomode e chèche mete disponib yon otobis pou transpòte gwoup depòte yo e achemine yo an karatènn.

Fini moute otobis la e rive nan destinasyon konfime a, ta sanble gwoup ayisyen yo te leve kite lokasyon karantènn yo e jete kò yo bwitsoukou e pat pran tan pou kraze rak e bay zònn nan blanch. Yon sitiyasyon ki te simen yon pakèt gwo van panik e ki egalman fòse anpil moun Okap kouri fèmen pòt e antre nan yon konfinman san zatann sou pwetèks gwoup depòte a ap venn pwopaje kowonaviris.

Leave A Reply