Atis Nòdwès yo ap sou beton an demen Dimanch 20 Oktòb 2019 la

0 629


Pòdpè__(TRiboLAND)  Apwè gwo poban manif opozisyon Nòdwès la sot òganize nan vil Pòdpè jou ki te 17 Oktòb 2019 la, menm jan ak rès vil pwovens yo pou mande demisyon chèf Leta a, Msye Jovenel Moïse ke yo estime ki genyen yon defisi konpetans pou dirije peyi Dayiti, Atis Angaje yo nan Nòdwès, di yo menm tou, yo tande bri rèl popilasyon an.

Yo estime ke “Lavi” pwèske pa egziste ankò pou popilasyon an: yo pa ka manje, yo pa ka jwenn swen sante, yo pa ka voye pitit yo lekòl aloske ensekirite ak kòripsyon se sèl kòk kap kase pari e chante. Konsa, yon pa soti rete gade kòm obsèvatè konplis san deside okipe beton Site Kapwa Lamò-a jou kap Dimanch 20 Oktòb 2019 la nan 10 zè nan maten.

Dapwè òganizatè manif la, objektif la se pwouve moun Nòdwès ak tout rès peyi Dayiti anjeneral ke yo pa pou kont yo nan konba yap mennen chak jou nan lari a pou rive kapote sistèm kòwonpi sa-a.

Atis Saint Fleur Kenndy, alyas KENN – FS, pòtvwa Atis angaje yo nan Nòdwès, nan kad yon konfetans pou laprès li bay aprèmidi Vandredi 19 0ktòb 2019 la, mande pou popilasyon Nòdwès la pote boure anndan manif la yon fason pou yo sa kontinye fè tande vwa Depatman Nòdwès ki pa janm benefisye anyen nan tout gouvènman ki pase nan tèt peyi-a.


Atis Kenndy denonse yon gwoup atis kap manniganse anba anba pou kase ren mobilizasyon an kòm kwa se kòb yo gen nan men yo ki fè yo kouri rantre nan batay la.

Antouka, randevou kase pou demen Dimanch 20 Oktob 2019 la nan vil Pòdpè, sou makadàm nan, bò 10 zè AM. Tout moun envite pou al fè pase ranvandikasyon yo paske l pa posib pou popilasyon Nòdwès la, peyi Dayiti anjeneral ap viv nan jan de kondisyon sa yo, alòske Palè Nasyonal, Egzekitif , Primati ap woule sou bè magarinn. Li enpòtan pou nou dispoze yon tan, nan tèt kole pou nou al denonse sistèm kòwonpi, peze souse sa-a yon fason pou peyi a oksijènn, selon Atis angaje a, Saint-Fleur Kenndy, alyas KENN – FS, ki tap pale nan mikwo TRiboLAND.

Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply