Geyen anpil antibiyotik naturèl ki pa bezwen pweskripsyon

0 1,007

03-02-2019 Triboland.com

Youn nan pi gwo defi medsinn nan jounnen jodi-a, se fason anpil moun ap mal itilize pweskripsyon antibiyotik. Pweske anpil moun fi-n wè mò nan pwan antibiyotik pou preske tout bagay. E, tèlman demand la wo, anpil gwo konpayi medikaman oblyje ranfòse fòs pwodiksyon yo pou yo kapab lague plis varyete sou mache-a.

Antibitotik famasetik yo gen repitasyon medikaman ki bay anpil efè segondè ki trè danjere, tankou dyare ak vwomisman. Ekzajerasyon nan itilizasyon antibiyotik kapab genyen gwo konsekans soumicrobiota moun, e ogmante risk dyabèt, twò gwo, ak enfèksyon bakteryèl ki kwonik.

Ayiti se yon se tè ki posede tout bèl trezò (plant, epis…) sa yok e lòt sosyete nan monnn sa ap valorize nan pwoteje sante lakay yo sou yon seri resous òganik. Itilize plis antibiyotik natirèl nan tout sa wap pwan chak jou se pi gwo mwayen pou yon moun benefisye tout bagay anti-mikwòb pou kò-a avèk mwens risk e tèt chaje.

1. Jenjanm

Jenjanm se yon epis ke moun kapab jwenn trè fasil e li genyen yon efè trè efikas ki kapab konbat yon pakèt mikwòb tankou Streptococcus ak E. Coli. Jenjanm trè popilè nan kwizine Azyatik e nan peyi Mwayen Noryan yo. Li genyen yon pakèt kalite terapetik ke lap pwodwi lakay moun depi konbyen santènn ane. Pou anpil jenerasyon, doktè fèy tradisyonèl yo te konn itilize jenjanm pout rete twoub dijestiv. Gwo etid lasyans demontre ke jenjanm ratresi devlopman H. pylori e elimine mikwòb ki bay maladi jansiv la.

2. Siro myèl

Siro myèl se yon engredyan ke ensèk pwodwi lè yo konsome nèkta lè yon plant ap fleri. Anpil nan siro say o genyen gwo byenfè medikal. Anpil moun ki itilize siro myèl temwanye pwisans. Kapasite anti-mikwòb siro myèl trè popilè; antouka, genyen anpil gwo etid ki montre efikasite li nan ilsè epidemic ki koze alèd yon mikwòb ki trè rezistan e ke medsinn famasetik la pa ka trete. Malad ki konsome anpil siro myèl toujou jwenn anpil satisfaksyon ak pwoblèm dijestiv.

3. Lay

Pou plis pase plizyè santènn ane, moun ap itilize lay pou tretman ak pwevansyon yon pakèt maladi. Men, sa gen apènn kèk ane depi rechèch syantifik yo demontre byenfè ki genyen lakay plant sa. Pi gwo bagay ki fè lay yon gwo anti-mikwòb se yon sibstans li genyen ki rele allicin. Allicin enpeche devlopman yon kilti biofim ki diminye tout risk pou yon mikwòb pwan jarèt. Se abilite pou enpeche kwòsans biofim nan ki pèmèt lay trè efikas pou enfeksyon kwonik tankou fibrosis cystic. Allicin nan se sa nèt! Li reyèlman tou pwisan nan trete mikwòb ke lòt antibiyotik famasetik yo pa ka trete.

4. Pwavon rouj oubyen gwo piman dous rouj

Pati ki nan pwavon rouj la ki tankou epis lè ou goute-l la, se menm epis sa ki fè li efikas tou pou pwevansyon enfeksyon bakteryèl. Sibstans sa rele, capsaicin, li ede mikwòb pa pwopaje pandan lap bese balans pH lestomak la. Pwavon rouj genyen tou lòt engredyan tankou quercetin ki kapab detwi mikwòb lapoula. Gwo etid avanse yo montre ke pwavon rouj la fè manbwann mikwòb yo vinn trè di; e konsa yo mouri tèt nèg. Pwavon rouj kapab egalman prevni nemoni lakay rat ki enfekte ak aureus Staphylococcus.

5. Chadèk

Extrè chadèk se yonn nan pwodwi ke lasyans teste ki extrèmman efikas kont yon pakèt mikwòb. De ou twa ti konn gout extrè konsantre chadèk konparabman pi pwisan ke ninpòt lòt melanj anti-bakterya ou ka jwenn nan famasi. Prije oubyen blende chadèk ou e melanje-l avèk glycerin e prepare yon bon jan ti remèd lakay ki kapab ede-w avèk anflamasyon ak yon pakèt lòt pathogens.

6. Tumerik / safwan

Rasinn Tumerik se yon engredyan key o itilize anpil nan kwizinn Aziyatik la. Plant sa a ki fè pati fanmiy jinjanm, te konn sèvi pou kolore twal men key o vinn itilize aprè kòm youn nan engredyan enpòtan nan Ayurvedic tradisyonèl, La Perse, ak nan medsinn tradisyonèl Chinwa a ki egziste depi plizyè milenè. Curcumin ki nan tumerik la demontre dapwè lasyans ke li trè efikas pou trete ilsè destoma ki orijinè Helicobacter pylori. Lè ou konsome curcumin li pwoteje lestomak ou kont enfeksyon e li soulaje ou ak fiyèv e anflamasyon.

7. Extrè fèy doliv

Doliv se yon engredyan ki fè pati kwizinn Meditèrane a. Anpil etid montre dayèt Meditèrane a toujou makònen ak redwi risk anpil maladi. Extrè fèy doliv se yon konpoze natirèl e pur ki soti nan fèy doliv menm. Anpil konpoze ki fèt ak extrè fèy doliv bay anpil bonjan rezilta onivo sante. Gwo etid syantifik montre ke extrè fèy doliv la bay kle kou e detwi yon pakèt patojèn ki kapab bay jarèt a yon pwoliferasyon ou developman E. coli ak Salmonella. Extrè fèy doliv se yon genyen anpil kapasite pou dechouke anflamasyon e kenbe sistèm iminite moun djanm.

8. Kanèl

Kanèl se yon epis key o ilize nan anpil kwizinn tradisyonèl. Li chaje avèk anpil anti-oksidan ak kapasite pou dechouke mikwòb. Lè ou melanje kanèl ak lwil jiwòf sa ede-w pwoteje tèt ou kont devlopman E. coli, Salmonella, and Staphylococcus.

9. Tin

Tin se pi gwo antibiyotik natirèl nan kwizinn Meditèrane a. Epis popilè sa a ape de moun nan genyen yon sante djanm depi plizyè santènn ane. Extrè tin bay anpil randman nan anpeche mikwòb devlope tankou E. coli, Salmonella ak Enterococcus faecalis pami yon pakèt lòt gwo mikwòb.

10. Rosemari

Rosemari se yon lòt plant ki trè popilè e anpil kilti itilize li prèske nan tout listwa limanite pou tretman yon pakèt maladi. Rosemari se yon remèd ki trè pwisan kont enfeksyon. Extrè Rosemari, minm jan akvèk tin gen pouvwa pou anpeche pwopagasyon yon latriye enfeksyon.

11. Sitwonèl

Anpil rechèch ak dokumantè fèt sou kapasite sitwonèl kòm yon plant ki derasine rapidman enflamasyon. Gwo rechèch yo demontre sitwik a ak sitwik b ke yo jwenn nan sitwonèl la trè anfòm pou rele koukou rouj deyè enfeksyon ak lafyèv.

12. Radich

Depi 15em syèk guerisè ak anpil chèf kwizinn ap itilize radich. Plant sa gen repitasyon plant kit rete avèk afikasite enfeksyon respiratwa. Selon yon pakèt moun, radich pa kanmarad yon seri antibiyotik kap vann nan famasi. Lè li pa bouyi e yo manje-l kri, li se pi gwo antibiyotik natirèl ki pa janm egziste.

13. Vinèg abaz pòm

Vinèg abaz pòm se yon remèd local ki bon pou yon pakèt rezon. Moun sou late ap itilize vinèg depi Lagrès Antik. Li genyen ladan-l asid malik, ki se yon antibiyotik natirèl, ki bon pou dechouke anflamasyon e soulaje pwoblèm dijestiv. Daprè save japonèz yo, vinèg ede e kase moun ki twò gwo. Li chaje ak anpil asid! Li pa rekòmande pou pran li twòp!

Leave A Reply